Le Placentin
<
Flash
news-details
Société

Yon Jounalis < radio vision 2000 > viktim de zak brakaj

Nan yon konferans pou laprès, Jounalis Hans Jean-Louis, Korespondan Radio Vision 2000 epi repòtè radio Makaya denonse jodi mekrèdi 10 Avril 2024 la, kèk endividi ak zam ki te brake sou li menm ak yon pwòch li epi pote ale 2 telefòn, yon motosiklèt mak Dayun koulè wouj ak 80 000goud zanmi an te genyen sou li.

Zak sa fèt nan lannwit 9 Avril 2024 la, nan zòn Sal Senlwi nan vil Okay. Selon sa Hans Jean-Louis fè konnen, bandi ak zam sa yo deja vòlè plis pase 3 moto nan men m semèn sa, daprè yon sous li ka fè konfyans.

news-details

Jounalis la di li sezi wè nan kisa Vil Okay tonbe <<pèsonn pa epanye, se pa 2 ni 3 moun ki gentan sibi brakaj ak sasinay an seri anba men nèg ak zam.>>

Korespondan Radyo Vision 2000 lan mande Lapolis poul met kanson l nan tay li epi mache pran tout endividi ki pa vle wè popilasyon an rale yon souf.

Pi lwen, jounalis la di li konte sou sipò pèp la pou ede Lapolis nan batay lap mennen kont bandi. Li mande tout moun ki pa jwenn anyen pou di ak Bouch yo, pou yo sispann fè fo jijman lè fòs lòd yo ap mennen operasyon kont malfra yo.

Le Placentin

Partagez cet article



Supporter Le Placentin
author

Daphney AIMÉ

Journaliste

Journaliste/Reporter , Assistante Administrative expérimentée; dynamique, responsable et laborieuse.

Laissez un commentaire


0 Commentaire