Le Placentin
<
Flash
news-details
Santé

Lopital Lapè resevwa 194 blese pa bal nan sèlman 2 mwa

Lopital Lapè ki twouve l nan Dèlma 33 trete anviron 194 moun ki blese pa bal sòti 29 fevriye pou 9 avril 2024 la.

Pami 194 moun sa yo genyen 6 ki rive pèdi lavi yo. Majorite moun sa yo pran bal nan zòn chann mas la ki toujou gen afwontman ant Lapolis avèk bandi ki vle pran kontwòl Palè Nasyonal.

news-details

Yon lòt bò selon Direktè Egzekitif lopital la, nan moman an la yo bezwen plis oksijèn, plis gaz avèk pochèt san pou kapab kontinye bay Popilasyon an sèvis.

Se Radio Télé Galaxie ki rapòte enfòmasyon an, aprè yo te fè yon entèvyou avèk responsab sant lan.

Nap raple ke nan moman an la, genyen plis pase 18 lopital ki fèmen pòt yo nan kapital la e anpil famasi boule nan kad mouvman revolisyon Kowalisyon Viv Ansanm nan.

Le Placentin

Partagez cet article



Supporter Le Placentin
author

Jean Rony Poito PETIT FRERE

Journaliste

Journaliste-rédacteur & professeur de sciences sociales. Passionné de la rédaction.

Laissez un commentaire


0 Commentaire