Le Placentin
<
Flash
news-details
Justice

komisè Gouvènman pòtoprens lan soti nan silans li, li mande tout evade Penitansye yo retounen nan selil yo

Aprè plis pase yon mwa evazyon nan Penitansye Nasyonal la, komisè Gouvènman Pòtoprens lan, mèt Edler Guillaume resi soti nan silans li, li mande tout evade yo retounen nan selil yo, sinon sa kapab pi grav pou yo.

Devan Laprès jodi jedi 11 avril 2024 la, Komisè Gouvènman Pòtoprens lan resi bay yon antrevi aprè plis pase yon mwa evazyon Penitansye Nasyonal la, chèf pakè a mande tout prizonye retounen nan plas yo, sinon pita ap pi tris.

news-details

Mèt avoka ale pi lwen poul anonse ke rapò li deja prepare, nan jou kap vini yo lap gen poul bay yon konferans pou Laprès, poul bay tout detay sou evazyon ki te fèt nan Penitansye Nasyonal la, konbyen prizonye ki evade ak konbyen ki rete.

Se yon deklarasyon ki fè anpil moun ri chèf pakè a ki mande pou prizonye yo retounen nan selil yo, pandan ke anpil gang nan kapital la ranfòse ak anpil nan evade yo, anpil moun ap di sanble komisè a ap viv nan yon lòt planèt.

Nap raple ke evazyon an te arive fèt nan lannwit samdi 2 pou rive dimanch 3 mas pase a, kote plis pase 4000 prizonye te chape poul yo, te rete sèlman 99 nan selil yo.

Le Placentin

Partagez cet article



Supporter Le Placentin
author

Le Placentin

Journaliste

Le Placentin.

Laissez un commentaire


0 Commentaire