Le Placentin
<
Flash
news-details
Société

109 ayisyen jwenn arestasyon yo nan lakay vwazen

Lame Dominikèn ak Direksyon Jeneral Imigrasyon peyi Sen Domeng arete 109 moun ki gen nasyonalite ayisyen, ki te antre nan Repiblik Dominikèn ilegalman atravè pwovens Dajabón ak Montecristi.

Moun sa yo jwenn arestasyon yo madi ki te 9 avril 2024 la, nan 2 operasyon.

news-details

Nan Aminilla, Dajabón, 30 imigran san papye arete, 23 gason, 7 fanm pami yo 2 tifi. Yo te mennen yo nan katye jeneral Dizyèm Batayon Enfantri a, ki baze nan Dajabón, pou yo te remèt yo bay imigrasyon pou kontinye ak rapatriman.

Nan Montecristi, yon dèzyèm gwoup 79 imigran san papye te arete. Gwoup sa te gen ladann 56 gason, 18 fanm ak 5 minè.

Le Placentin

Partagez cet article



Supporter Le Placentin
author

Jean Rony Poito PETIT FRERE

Journaliste

Journaliste-rédacteur & professeur de sciences sociales. Passionné de la rédaction.

Laissez un commentaire


0 Commentaire