Le Placentin
<
Flash
news-details
Société

Bandi nan Lyankou touye 2 moun pami yo yon pwofesè epi blese plizyè lòt anba katouch

Zak laterè kontinye ap frape komin Lyankou, nan depatman Latibonit. Jedi 9 oktòb 2025 lan, manm gang redoutab “Grand Grif” la fè san koule ankò nan zòn nan. Daprè enfòmasyon jounal Prmeye Okazyon bay, yo touye 2 moun, pami yo yon pwofesè, epi plizyè lòt moun blese pa bal.

Abitan yo, ki deja viv nan lapèrèz ak zak vyolans gang yo, te temwen sèn trajik la epi mande plis prezans fòs sekirite nan zòn nan pou pwoteje popilasyon an.

news-details

Polisye yo ap mennen ankèt pou idantifye tout moun ki responsab zak sila yo epi mennen yo devan lajistis. Zak sa yo raple danje kontinyèl gang ame yo reprezante pou kominote yo nan Latibonit.

Le Placentin

Partagez cet article



Supporter Le Placentin
author

Jean Rony Poito PETIT FRERE

Journaliste

Journaliste-rédacteur & professeur de sciences sociales. Passionné de la rédaction.

Laissez un commentaire


0 Commentaire