Malgre entèdiksyon gouvènman ameriken an toujou kenbe sou tout vòl ki soti Ozetazini pou Pòtoprens akoz ensekirite a, plizyè lòt vòl entènasyonal kontinye ap fèt nòmalman nan Ayewopò Entènasyonal Toussaint Louverture.
Daprè enfòmasyon medya Passion Info Plus pibliye, sèlman pou jounen mèkredi 8 oktòb 2025 la, te gen 160 pasaje ki kite Ayiti pou ale Brezil, nan yon vòl espesyal (charter) konpayi ekwatoryèn AeroRegional te òganize. Sous la rapòte tou gen lòt vòl menm jan an ki te fèt nan kòmansman semèn nan, malgre kondisyon sekirite yo toujou difisil nan kapital la.
Depi plizyè mwa, Administrasyon Federal Avyasyon Etazini (FAA) kenbe desizyon li pou entèdi tout vòl ameriken desann Pòtoprens, yon mezi yo pran akoz ogmantasyon zak vyolans, kidnapin ak atak gang ame nan zòn ayewopò a. Daprè otorite ameriken yo, mezi sa ap rete an vigè jiska 2026, tan sitiyasyon sekirite a pa amelyore.
Malgre tout sa, kèk konpayi avyon Lameriken Latin ak Karayibeyen kontinye sèvi ak ayewopò a, swa pou transpò pasaje, swa pou vòl charter espesyal, sa ki pèmèt anpil Ayisyen kontinye vwayaje pou al chèche lavi miyò lòt bò dlo.
Pou anpil obsèvatè, lefèt ke vòl entènasyonal yo kontinye soti nan peyi a se yon siy ke Ayiti poko izole nèt sou plan aviyasyon, men li rete yon gwo defi pou gouvènman an rive garanti sekirite ak estabilite nan espas ayewopò Toussaint Louverture la.
0 Commentaire