Konseye Prezidansyèl Leslie Voltaire, vizite, jodi madi 9 jiyè 2024 la, sou stasyon EDH ki Dèlma 33 a ansanm avèk E-power.
Nan Kad deplasman sa, Konseye Prezidansyèl la chita pale avèk Prezidan konsèy kap jere E-power a kise Daniel Rouzier.
"Vizit sa pèmèt KPT a gen plis enfòmasyon sou 30 megawat elektrisite Epower ap founi ak EDH mete sou 33 megawat ki soti pelig ak tèminal "Vareux " ki bay yon total de 63 megawat EDH gen ki disponib e daprè direktè general EDH la M. Jean Errol Morose, EDH ap bezwen 300 megawat poul distribye elektrisite sou tout zòn metropolitè n nan", se sa La Présidence eksplike nan yon kominike pou laprès.
Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an antre nan demach sa paske li kwè pa ka gen devlopman san elektrisite.
Konseye Prezidan Leslie Voltaire te profite anonse KPT a pral pase enstriksyon ak Minis TPTC a, Ing Hosty Raphaël pou kontinye idantifye problèm ki gen nan ED’H nan lide pou pote solisyon rapid , Konseye Prezidan Leslie Voltaire fini poul di "Blakawout se ledmi devlopman..
0 Commentaire