Le Placentin
<
Flash
news-details
International

Etazini : Yon jèn gason tante tire yon pastè anndan yon legliz, li di se Bondye ki voye l

Nan peyi Etazini, yon jèn gason 26 lane tante tire yon pastè anndan yon legliz, epi deklare se Bondye ki voye l komèt zak sa.

Aksyon sa pase dimanch pase a nan legliz Jesus Dwelling Place à North Braddock pandan sèvis la te andirèk sou divès platfòm.

news-details

Bernard J. Polite ki se yon ameriken nwa pase devan asanble a epi rale zam li, pwente sou pastè Glenn Germany ki t ap preche.

Nap note pou ou zam jènom sa te bloke pandan l t ap tante tire pastè a.

Pou kounya li dèyè kat miray e lap reponn avèk Kesyon lajistis nan Kad dosye sila.

Le Placentin

Partagez cet article



Supporter Le Placentin
author

Jean Rony Poito PETIT FRERE

Journaliste

Journaliste-rédacteur & professeur de sciences sociales. Passionné de la rédaction.

Laissez un commentaire


0 Commentaire