Le Placentin
<
Flash
news-details
Administration

Leta ayisyen ap demoli anviwon 183 kay ki te konstwi arebò Aryopò Tousen Louvèti a

Leta ayisyen a travè Ministè finans, AAN, MTPTC epi Meri Taba tanmen ayè lendi 8 Avril 2024 la, premye faz pwojè demolisyon plizyè kay ki bati sou bò nò Aryopò Tousen Louvèti ak aryopò Guy Malari.

Depi plis pase yon mwa, aryopò an paka bay sèvis akoz nèg ak zam te atake l, otorite yo fè konprann, bandi yo ta va itilize kay sa yo pou tire sou avyon ki sou pis aryopò an.

news-details

Pwopriyetè kay yo te deja siyen yon dokiman kote yo asepte pou kraze kay sa yo ki te konstwi sou tè Leta a.

Sou yon lòt bò, Ministè Finans deja remèt chèk dedomajman bay mèt kay ki gen papye valid nan men yo. Chèk yo evalye ant 500 000 a 32 000 000 goud, selon kantite tè a ak kalite kay ki te bati a.

Pwojè demolisyon sila ap ekzekite an 4 faz epi lap soti nan mi aryopò an pou bout sou wout nasyonal nimewo 1 an.

Le Placentin

Partagez cet article



Supporter Le Placentin
author

Daphney AIMÉ

Journaliste

Journaliste/Reporter , Assistante Administrative expérimentée; dynamique, responsable et laborieuse.

Laissez un commentaire


0 Commentaire