Le Placentin
<
Flash
news-details
Diplomatie

Anbasadè peyi Lafrans an Ayiti a chita pale avèk Direktè Jeneral Lapolis la Frantz Elbé

Anbasadè peyi Lafrans an Ayiti a chita pale avèk Direktè Jeneral Polis la pou salye travay polisye yo epi renouvle sipò peyi l avèk PNH la.

Rankont sa fèt jodi madi 9 avril 2024 la nan Direksyon Jeneral Polis la, klèsin 4. Fabrice MAURIES fè konnen nan yon twit «Mwen vizite Katye Jeneral Polis la jodia pou m diskite avèk Direktè jeneral la ak Wo kòmandman an. Se yon fason pou m te eksprime rekonesans pou travay Lapolis la ap fè pandan kriz sekiritè Ayiti ap travèse a.»

news-details

Li di tou «vizit sa a te pèmèt mwen konfime Direktè jeneral la ke anbasad peyi mwen pral kontinye kopere pi plis pou ane 2024 la ak polis la pandan n ap priyorize fòmasyon epi bay ekipman pou ede nan batay kont gwoup ame yo. Yon gwo kout chapo pou polisye ayisyen yo.»

Rankont sa fèt kèk jou aprè nouvo anbasadè Etazini an Ayiti a Dennis Hankins te chita pale avèk Frantz Elbé, sou divès pwen tankou kòman yo pral kontinye sipòte PNH la.

Le Placentin

Partagez cet article



Supporter Le Placentin
author

Jean Rony Poito PETIT FRERE

Journaliste

Journaliste-rédacteur & professeur de sciences sociales. Passionné de la rédaction.

Laissez un commentaire


0 Commentaire