Le Placentin
<
Flash
news-details
Société

SOS: Aswè a la nèg ak zam ta anvayi Beten, yon lokalite nan komin Kafou

Yon sitiyasyon tansyon ap dewoule aktyèlman aswè jedi 9 mas 2023 a nan Bèten, yon lokalite ki twouvel nan komin kafou. Daprè yon sous nou ka fè konfyans, Plizyè nèg ak zam ta sanble anvayi zòn nan, rantre lakay moun, pote ale tout sa yo genyen.

Moun nan lokalite Bèten (kafou) ap konnen yon move moman aswè jedi 9 mas la. Li fè 10 zè ak 36 minit, plizyè nèg ak gwo zam anvayi zòn nan. daprè yon abitan nan zòn nan ki pa vle nonl site, "Plizyè moun ap rele komisarya omega a pote yo sekou paske nèg yo ap antre kay moun epi pote ale tout sa yo jwenn". Toujou daprè abitan an ta menm sanble gen moun ki viktim.

news-details

Nap lanse yon SOS bay lapolis nasyonal pou yo kapab aji rapid avan sitiyasyon an vinn pi mal. gen plizyè nèg ak gwo zam ap antre kay moun vòle

Le Placentin

Partagez cet article



Supporter Le Placentin
author

Le Placentin

Journaliste

Le Placentin.

Laissez un commentaire


0 Commentaire