Nan yon difizyon “live dirèk” sou paj Facebook Anbasad ameriken nan peyi Meksik, jodi mèkredi 8 novanm nan lè 2è aprè midi, Reskonsab yo bay tout eksplikasyon sou aplikasyon CBPOne nan, epi klarifye kèk rimè ki ap sikile sou aplikasyon an.
Jan Anbasad la te anonse sa kèk jou avan yo sou paj facebook li ke tap genyen «ribrik kesyon ak repons sou paj anbasad la konsènan aplikasyon CBPONE nan jou mekredi 8 novanm nan » Luis Miranda ki se «Sous-Sekretè Adjwen Kominikasyon nan Depatman Sekirite Etazini» te metel disponib depi Washington nan kapital peyi Etazini poul te reponn kesyon sou aplikasyon CBPone nan.
Pou kòmanse Mesye Miranda di CBPone nan, se yon aplikasyon ki pèmèt moun pran randevou pou kapab prezante nan youn nan pòt antre peyi Etazini, kelkeswa nasyonalite li ak laj li, selman fòk moun sa twouvel nan peyi Meksik nan pati sant peyi a oswa nan nò, daprè reskonsab la, se pa yon aplikasyon pou azil. Reskonsab la di pa okipe moun tou ki ap mande touche pou pran lè pou nou sou aplikasyon an pou nou.
Pou moun ki konn ap plenyen epi kesyone ki kantite tan yon moun kapab pran pou yo akseptel aprè li fin aplike. Fason otorite a te reponn se tankou pa genyen yon kantite tan fiks, Mesye Luis Miranda fè konnen ke avan te konn genyen anviwon 1000 moun ki te konn enskri oswa pran lè chakjou sou aplikasyon CBPone nan, men pou jounen jodia genyen anviwon 1400 a 1450 moun ki ap pran lè chak jou, ki vini plis pase 40 mil moun chak mwa, sa koz nan tan pou verifye dosye chak moun, sa konn prann tan. Otorite a mande pou moun yo pran pasyans.
Daprè otorite a, siw genyen yon kont CBPone deja ke yo poko reponn ou, pa al kreye lòt, sinon lap jis parèt kom fwod, mesye Luis di esansyèl se rete tann. Toujou selon reskonsab la, ou kapab enskri avèk nenpòt telefòn, epi ou genyen anviwon 24è pou ou ranpli tout sa aplikasyon an mande yo. Otorite a di tou aplikasyon CBPone nan kapab aksepte ou, men lèw rive antre nan peyi a pou yon rezon ou yon lòt imigrasyon oswa ladwàn kapab pa kitew antre Etazini.
Pou rimè ki ap kouri ki ap di ke aprè mwa desanm ke aplikasyon CBPone nan pap fonksyone ankò a, Luis Miranda di non pa gen bagay konsa, Peyi Etazini poko detèmine okenn dat limit ke aplikasyon an ap gen pou kanpe. Pou lòt rimè ki ap kouri ki di konsa ke aprè 14 jou ke yon moun fin pran lè, ke si yo pako reponn ou yo pral chwazi de manyè aleyatwa, mesye Miranda di non pa gen bagay konsa vre.
Luis Miranda pa ankouraje okenn moun pran chimen fwontyè pou antre Etazini de fason ilegal. Daprè otorite a, nan ka yon moun eseye antre de manyè ilegal, otorite nan peyi Etazini ap depotel, li pap kapab antre nan peyi a aprè 5 ane ou plis, epi li pap kapab benefisye de okenn pwogram etc.
1 Commentaire