Le Placentin
<
Flash
news-details
Éducation

Ministè Edikasyon Nasyonal reyaji sou lanmò yon elèv Ns4 pandan egzamen yo

Madi 6 dawout 2024 la, Biguerline Francklin ki se yon elèv Nouvo segondè 4 pèdi lavi l nan yon aksidan nan Laplèn . Ministè Edikasyon Nasyonal nan yon nòt di yo atriste pandan yo voye senpati yo bay Kominote edikativ la ak tout fanmi l.

"Ministè Edikasyon nasyonal ak Fòmasyon pwofesyonèl (MENFP) aprann ak gwo lapenn nouvèl lanmò Biguerline Francklin, elèv segondè 4 nan lise Sibè ki nan distri eskolè Kwadèboukè. Kandida 19 lane sa te sou wout pou ale konpoze nan maten madi 6 out 2024 la alòske yon kamyon sitèn te pote boure sou moto li te sou li a ansanm ak kanmarad li Roobens Stravensky Jean-Baptiste, nan zòn Bit-Bwaye. Dilijans te fèt pou kouri ak Biguerline Francklin lopital, men li ta pral rann souf byennanvan li te rive lopital la", se sa nou Kapab li nan nòt otorite edikativ yo.

news-details

MENFP an di li salye detèminsayon elèv Biguerline Francklin ki te prepare l pou pase egzamen sa yo aprè yon lane lekòl ki te chaje ak difikilte nan plizyè distri eskolè nan depatman Lwès tankou distri eskolè Kwadèboukè.

Daprè menm kominike a "Ministè a voye senpati l bay paran elèv sa a ki pa t janm sispann ankadre l jouk li te tou pre pou boukle etid segondè li yo."

Ministè a pataje senpati sa a ak tout kominote lise Sibè a, zanmi ak tout lòt moun move nouvèl sa a afekte.

Yon lòt bò, MENFP salye kouraj elèv Roobens Stravensky Jean-Baptiste ki te kontinye ak egzamen yo malgre chòk aksidan an.

Se nan tèt ansanm ak anpil vijilans tout popilasyon an dwe kontinye travay pou garanti sekirite elèv yo, nan tout sikonstans, andann tankou deyò lekòl yo.

Le Placentin

Partagez cet article



Supporter Le Placentin
author

Jean Rony Poito PETIT FRERE

Journaliste

Journaliste-rédacteur & professeur de sciences sociales. Passionné de la rédaction.

Laissez un commentaire


1 Commentaire