Yon fanm ayisyèn pèdi lavi l jodi lendi 8 avril 2024 la, aprè yon mi kraze l nan pakin Ladwàn Dajabón, Repiblik Dominikèn.
Daprè yon videyo jounal N Digital dispoze, yo fè konnen kamyon an te fè kolizyon ak miray la epi answit frape moun ki mouri a.
Yo poko idantifye viktim nan e otorite tou de peyi yo pa fè kòmantè sou zafè a.
0 Commentaire