Le Placentin
<
Flash
news-details
Société

Sitiyasyon panik sou Channmas la nan zòn Palè Nasyonal

Pou jodi lendi 8 Avril 2024 la, sitiyasyon an vrèman konplike sou channmas la nan zòn Palè Nasyonal la.Lapolis ak Lame met tèt yo ansanm pou repouse bandi "viv ansanm" yo. Se pa de kout bal kap tire la.

Yon lòt fwa ankò, Lapolis ak Lame repouse bandi viv ansanm yo, kap fòse anvayi Palè Nasyonal. Aprè plizyè tantativ, anpil kout bal chante, fòs lòd yo rive reprann kontwòl zòn Channmas la.

news-details

Bagay yo pa piti sou Channmas la, gwo dife ap pwopaje nan plizyè machin ki twouve yo dèyè Ministè Enteryè epi anviwon yon dizèn jounalis manke pèdi lavi yo bò Palè a pandan yo t al tante verifye yon enfòmasyon Ki ta fè kwè nèg "viv ansanm" yo kase Lakou dèkont epi mete dife sou batiman an.

Le Placentin

Partagez cet article



Supporter Le Placentin
author

Daphney AIMÉ

Journaliste

Journaliste/Reporter , Assistante Administrative expérimentée; dynamique, responsable et laborieuse.

Laissez un commentaire


0 Commentaire