Le Placentin
<
Flash
news-details
Société

Lapolis nan Jakmèl arete 2 ajan BSAP pou tantativ asasina

Lapolis nan vil Jakmèl arete 2 ajan BSAP epi sezi yon zam nan men yo paske yo tap tante touye yon sitwayen nan lokalite Chomèy komin Benè.

Selon enfòmasyon ki disponib yo, ajan PNH yo arete Fritzner Jean Baptiste vandredi 5 avril 2024 la, epi aprè sèvis depatmantal polis jidisyè (SDPJ) fini tande l yo ale arete Jean Philippe Jean Raymond nan lokalite Bremon. Yo sezi nan men endividi sa yon pistolè Bereta kalib 9mm.

news-details

Endividi yo tap tante touye a se Obner Rosené.

Enfòmasyon sa se Jounal Premye Okazyon (Caraïbes FM) ki rapòte li, daprè sa korespondan yo nan rejyon an fè yo konnen.

Pou kounya 2 prezime bandi sa yo dèyè kat miray annatandan dosye a transfere devan lajistis.

Le Placentin

Partagez cet article



Supporter Le Placentin
author

Jean Rony Poito PETIT FRERE

Journaliste

Journaliste-rédacteur & professeur de sciences sociales. Passionné de la rédaction.

Laissez un commentaire


0 Commentaire