Le Placentin
<
Flash
news-details
Société

San okenn enkyetid, bandi ak zam kanpe yo demoli sou komisarya Bon Repo a

Bandi ak zam kraze plat sou komisarya Bon Repo a, aprè yon mwa kèk jou depi yo te gen kontwòl li.

Aksyon sa fèt nan lannwit dimanch 7 avril 2024 la. Nan yon videyo kap sikile sou rezo sosyal yo, nou kapab konstate yon traktè kap kraze sou komisarya Bon Repo a. Chef gang Canaan an kise Jeff Gwo Lwa pale menm nan videyo a pandan gen yon moun sou machin nan kap demoli pòs la.

news-details

Bandi yo te atake pòs la nan dat 29 fevriye pase a. Yo te touye anviwon 6 polisye, boule plizyè machinn epi pran kontwòl komisarya a.

Nan Komin Kwadèboukè, tout komisarya avèk sou komisarya yo sou kontwòl bandi. Sa yo pa demoli yo mete sòlda pa yo ladanl.

Le Placentin

Partagez cet article



Supporter Le Placentin
author

Jean Rony Poito PETIT FRERE

Journaliste

Journaliste-rédacteur & professeur de sciences sociales. Passionné de la rédaction.

Laissez un commentaire


0 Commentaire