Le Placentin
<
Flash
news-details
Société

Bandi ak zam nan Latibonit touye 9 moun epi Kidnape plizyè lòt

Popilasyon sivil la pa janm sispann viktim anba men bandi nan plizyè lokalite nan depatman Latibonit. Endividi ame sa yo touye 9 moun, Kidnape 10 moun epi 8 lòt sòti blese.

Masak sa fèt vandredi 5 avril 2024 la, nan yon lokalite ki rele "Drouet" sou wout prensipal komin Lyankou a. Daprè otorite yo nan rejyon an se bandi nan baz "Gran Grif" ki komèt zak sa sou popilasyon an.

news-details

Dram sa lage gwo tristès nan mitan fanmi viktim yo ki pa konn ki sen pou yo rele. Divès òganizasyon dwa moun nan rejyon an tankou Rezo Kore dwa moun (RKDM) kritike otorite yo ki jis ap konstate dega yo menm jan ak tout sitwayen san poze okenn aksyon pou mete fen nan rèy malfra sa yo, selon sa Le Nouvelliste rapòte.

Nan moman an la, Latibonit avèk Pòtoprens se 2 kote nan peyi a ki gen plis teritwa pèdi jan minis Jistis la te di sa, se la bandi fè sa yo vle alòske otorite nan zòn sa yo jis rete nan silans yo tankou tout bagay tap mache byen.

Le Placentin

Partagez cet article



Supporter Le Placentin
author

Jean Rony Poito PETIT FRERE

Journaliste

Journaliste-rédacteur & professeur de sciences sociales. Passionné de la rédaction.

Laissez un commentaire


0 Commentaire