Le Placentin
<
Flash
news-details
Société

Bandi ak zam mete pye yo atè nan komin Gantye

Nèg ak zam anvayi Gantye jodi vandredi 8 mas 2024 la. Yon sitiyasyon ki lage anpi l moun nan Popilasyon an nan gwo kouri.

Menm jan avèk anpil lòt zòn, moun Gantye leve anba kout zam tou. Selon enfòmasyon nou dispoze bandi 400 Mawozo anvayi zòn nan. Popilasyon an lanse yon SOS pou Lapolis prese vini pote yo sekou, sinon zòn sa deja antre nan lis teritwa pèdi yo tankou Kanaran, Matisan, Maryani, Kafou fèy ak Bon Repo.

news-details

Anpil rejyon nan depatman lwès la ap konnen gwo kalamite anba atak bandi ak zam alòske majorite gwo otorite ki konsène nan koze sekirite peyi a twouve yo nan peyi etranje.

Gantye se yon kominn ki twouve l nan depatman lwès peyi a sou awondisman Kwadèboukè.

Le Placentin

Partagez cet article



Supporter Le Placentin
author

Jean Rony Poito PETIT FRERE

Journaliste

Journaliste-rédacteur & professeur de sciences sociales. Passionné de la rédaction.

Laissez un commentaire


0 Commentaire