Le Placentin
<
Flash
news-details
Diplomatie

Ayiti: Konseye Prezidansyèl yo mande prezidan Kenya pou deplwaye fòs entènasyonal la prese prese

Konseye Prezidansyèl yo ekri prezidan Kenya a pou mande l deplwaye fòs entènasyonal la prese prese.

"Nou te ekri Prezidan William Ruto lendi 6 me 2024 la pou nou enfòme l ke nou te pran an chaj dosye Misyon Miltinasyonal ann Ayiti e n ap tann kontribisyon sa a nan men peyi l," se sa 2 Konseye prezidansyèl rapòte bay Le Nouvelliste nan telefòn.

news-details

Yon lòt bò, daprè konseye prezidansyèl yo, menm si pèsepsyon an fè konnen manm KPT yo divize sou sèten pwen, "men fòk ou konnen ke kesyon sekirite popilasyon an se priyorite nou", se sa yo di jounal la.

Selon tout enfòmasyon ki disponib yo, materyèl pou deplwaman fòs entènasyonal la deja kòmanse vini an Ayiti depi plizyè semèn. E konstriksyon baz pou sòlda yo enstale deja kòmanse tou.

Le Placentin

Partagez cet article



Supporter Le Placentin
author

Jean Rony Poito PETIT FRERE

Journaliste

Journaliste-rédacteur & professeur de sciences sociales. Passionné de la rédaction.

Laissez un commentaire


0 Commentaire