Le Placentin
<
Flash
news-details
Justice

Yon ayisyen kap viv Kanada voye asasinen papal Ayiti, lajistis deja mete anba kòd 3 prezime asasen nan dosye sila

Yon sitwayen kap viv Kanada monte yon konplo avèk plizyè moun ki Ayiti pou touye papa li. Pakè Vil Aken an deja arete 3 sispèk yap chache yon lòt prezime asasen .

Daprè komisè gouvènman aken an, asasina sa fèt jou vandredi ki te 30 mas la nan premyè seksyon kominal aken.

news-details

John Cetoute kap viv Kanada voye lajan pou fè touye papa l ki se Yvnert Cetoute. Bandi yo touye li ak bal nan lokalite Maseyan, vil Aken. Komisè gouvènman an ki se Adrien Exama deja ap trete dosye a, li deja arete Aline, Samuel Janvier ak yon lòt endividi ki se Jean Roden. Selon komisè a moun sa yo patisipe nan konplo a pou te komèt Krim nan.

Genyen nan prezime asasen yo ki avwe ke se pou 2 mil dola ameriken yo fè krim nan, gen lòt ki avwe komisè a ke se pou 10 mil dola ameriken.

Nan Kad dosye sa Komisè gouvènman Aken an ap chache kon Chen fou Louima Acejuste alyas Deboulay, ki se li menm ki tire Yvenert Cetoute menm. Chèf pouswit la mande nenpòt moun ki kwaze avèk endividi sa pou kontakte fòs lòd yo prese prese.

Le Placentin

Partagez cet article



Supporter Le Placentin
author

Jean Rony Poito PETIT FRERE

Journaliste

Journaliste-rédacteur & professeur de sciences sociales. Passionné de la rédaction.

Laissez un commentaire


0 Commentaire