Le Placentin
<
Flash
news-details
Politique

Moïse Jean Charles fè alyans ak Guy Philippe ki pote non “ Tèt ansanm pou sove Ayiti” pou chavire Ariel Henry sou pouvwa

Nan lide pou chavire Gouvènman Ariel Henry ap dirije a ki sèmante yo pap kite pouvwa, lidè Pati Politik pitit Desalin nan , Moïse Jean Charles mete ansanm ak ansyen Senatè Guy Philippe pou kapote Doktè Ariel Henry ak pwòch li yo sou pouvwa. Nan sans sa 2 mesye sa yo mete yon mini estrikti sou pye ki pote non “ Tèt ansanm pou sove Ayiti” 2 gwoupmanman yo (Guy Philippe ak Moy) salye pèp Ayisyen an, yo anonse pèp là de alyans lan epi yo rezime batay yo a nan 8 pwen. Pou mini alyans sila te rive posib Junior MAXI Jean te reprezante Guy Philippe epi Eugene GILOT te reprezante Moïse Jean Charles.

Daprè Pati Politik Pitit Desalin nan, antant sila a, se rezilta kri sitwayen yo toupatou, li se yon repons patriyotik tou a kriz malouk peyi a ap travèse akòz move gouvènans, enkonpetans ak endiferans ekip ki sou pouvwa a. Kreyasyon nouvo espas kolaborasyon sila a, fè pati yon apwòch nasyonalis ki dwe pemèt nou fini ak tout divizyon, tout chire pit ki bloke inite nan mitan sitwayen yo. Sa se yon apwòch ki montre aklè angajman aktè kle sou tèren politik la ak fèm volonte yo pou jwe yon wòl enpòtan nan amelyorasyon kondisyon lavi pèp ayisyen an k’ap lite san pran souf kont move lavi ki enpeche l viv kou moun.

news-details

Toujou Daprè Pati Politik Pitit Desalin, atravè antant sila a, ki rele “Tèt Ansanm Pou Sove Ayiti” nou adopte yon pozisyon fèm fas ak yon sistèm sanginè, pouri ak kriminèl. Nan tèt kole sa a, nou chwazi mete enterè peyi Dayiti an premye. Se yon etap enpòtan sou chimen "Nouvèl Ayiti a". Nan moman desizif sa a, nan listwa nou kòm pèp lib, kote ke yon aksyon popilè vin enperatif pou reyini fòs viv nasyon an, “Tèt ansanm pou sove Ayiti” fè yon gwo apèl pou linyon epi mande popilasyon ayisyèn nan pou yo rasanble dèyè’l nan lide pou fè peyi a sòti nan twou l ap rantre chak jou a"Tèt Ansanm Pou Sove Ayiti" baze sou anbisyon komen ki vize:

1. Retabli jistis, garanti sekirite ak respè pou etadedwa sou tout teritwa a; 2. Ankouraje inite nasyonal pandan n ap kite dèyè diferans politik nou yo pou byennèt pèp ayisyen an;

3. Etabli yon mekanis konsiltasyon regilye pou ankouraje yon kominikasyon ouvè ak transparan; 4. Asire yon distribisyon ekitab pou responsablite yo nan strikti nou an; 5. Devlope ak egzekite yon ajanda gouvènans komen, ki konsantre sou bezwen prensipal nasyon nou an: sekirite piblik, diplomasi, ekonomi, edikasyon, sante, jistis sosyal, eleksyon, pami lòt domèn kle;

6. Kiltive respè youn pou lòt ant manm yo, ankouraje tolerans ak kolaborasyon; 7. Aji ak transparans nan tout inisyativ nou yo pou pèp ayisyen an ak siyatè yo 8. Sipòte prensip fondamantal demokrasi a, ekspresyon volonte popilè ak demokrasi patisipatif.

Se sou 8 pwen sa yo , 2 gwoupman yo chita ansanm pou yo kapab mete do Newochorijyen an atè, antouka nap swiv de prè kijan alyans sila ap dewoule . Nap raplew ke kèk èd tan aprè Guy Philippe te fin anonse revolisyon an, pati politik Pitit Desalin te reyaji , pati a te di sou paj Facebook li ke DEALER AK LEADER gen menm kantite lèt, men yon DEALER paka yon LEADER, tout moun te santi ke se sou Guy Philippe Moy te voye dlo sa. Èske se yon enkoyerans bò kote lidè Pati Politik Pitit Desalin nan ? Oswa mouche Moïse Jean Charles vle kapote Dòk la nan tout fason ke li ta jwenn??antouka nap sib.

Le Placentin

Partagez cet article



Supporter Le Placentin
author

Le Placentin

Journaliste

Le Placentin.

Laissez un commentaire


0 Commentaire