Le Placentin
<
Flash
news-details
Société

Gwo kouri nan Tomazo, chèf gang “Bèf” mete ak 400 mawozo ap simen latwoublay nan komin nan, yon moun deja mouri

Bandi ak zam anvayi komin Tomazo jodi mèkredi 6 sektanm 2023, pou pipiti yon moun gentan pèdi lavi li.

Depi nan anviwon 11 zè nan maten pou rive kounya nan lè 6 è nan aswè jodi mèkredi 6 sektanm nan, katouch Pa bouke chante nan komin Tomazo kote lapolis parèt prèske enpisan, latwoublay sa lakoz yon jenn gason ki rele Rodney Avril rive pèdi lavi li ak bal.

news-details

Daprè moun kap viv nan komin nan, se rete yo rete konsa yo wè ke bandi anvayi yo, mesye yo ki gen alyans ak gang 400 Mawozo, ak yon chèf gang ki rele Bèf Pran komin nan an otaj epi kòmanse tire depi nan maten

Nan sans sa, sitwayen yo nan komin nan lanse yon SOS bay otorite konsène yo, pou pote ranfò ak polisye yo ki nan komisarya Tomazo a ki gen yon efektif ki trè minim .

Le Placentin

Partagez cet article



Supporter Le Placentin
author

Le Placentin

Journaliste

Le Placentin.

Laissez un commentaire


0 Commentaire