Le Placentin
<
Flash
news-details
Éducation

Kèk lekòl nan Plèn nan ouvri pòt yo aprè plis pase 2 mwa fèmen

Jodi lendi 6 me 2024 la, kèk lekòl nan Plèn nan ouvri pòt yo aprè plis pase 2 mwa fèmen.

Depi nan dat 29 fevriye pase a, lekòl yo nan Plèn nan pat kapab fonksyone paske se te gwo deblozay nan divès zòn, aprè bandi ak zam yo te fin pran komisarya Bon Repo a, touye anviron 7 polisye epi kraze pòs la ak yon traktè.

news-details

Malgre sitiyasyon an difisil pou lekòl yo nan Kad gwo kriz sa, plizyè dizèn élèv retounen lekòl nan zòn Kwadèmisyon, Maren, Lizon, Bon Repo ak Lilavwa. Genyen ki mete inifòm, genyen tou ki ale an sivil paske yo toujou genyen gwo laperèz.

Pou Kanaran li menm, lekòl pat jan'm kanpe. Yo te toujou travay malgre jan sitiyasyon an te trè frajil nan kèk lòt zòn nan Plèn nan espesyalman Bon Repo avèk Bitbwaye.

Selon enfòmasyon redaksyon jounal la genyen, se menm tablo sa pou plizyè zòn nan kapital la, malgre bandi yo atake, piye epi boule plizyè enstitisyon eskolè nan Pòtoprens.

Yon lekòl espesyal kote jou elèv yo fè a se li yo konte, nan yon peyi espesyal kote kras politisyen pa vle chita ansanm pou pote yon solisyon.

Le Placentin

Partagez cet article



Supporter Le Placentin
author

Jean Rony Poito PETIT FRERE

Journaliste

Journaliste-rédacteur & professeur de sciences sociales. Passionné de la rédaction.

Laissez un commentaire


0 Commentaire