Le Placentin
<
Flash
news-details
Société

Kèk endividi boule plizyè kay nan ravin Boudon

Yon gwoup endividi mete dife sou plizyè ti kay nan ravin Boudon ayè jedi 4 Avril 2024 la.

Selon abitan ki tap viv nan zòn sa, endividi sa yo te gen kagoul ak jile ki pote non lapolis epi yo tap bouske kay yon sèten "Junior".

news-details

Lè yo rive nan katye sila a, yo poze moun yo kesyon sou Junior lan, moun yo te bay esplikasyon kòmkwa misye pa ret nan zòn lan se pito manmanl ki abite la, yo di tou misye konn vin wè manman tou men li pa rete.

Puiske yo pa jwenn Junior lan, yo mete dife sou kay tout ti Malere ak malerèz ki te vin pran refij yo nan ravin sa aprè tranblemantè 12 Janvye 2010 la.

Sak pi mal la, moun sa yo ki te deja pèdi tout sa yo genyen nan tranblemantè 12 Janvye 2010 la, 14zan aprè, tounen pèdi ti sak ret nan men yo.

Le Placentin

Partagez cet article



Supporter Le Placentin
author

Daphney AIMÉ

Journaliste

Journaliste/Reporter , Assistante Administrative expérimentée; dynamique, responsable et laborieuse.

Laissez un commentaire


0 Commentaire