Le Placentin
<
Flash
news-details
Société

Lapolis mete anba kòd 3 prezime bandi nan vil Jakmèl

Lapolis nan vil Jakmèl arete 3 prezime bandi ayè jedi 4 avril 2024 la, nan kad yon operasyon espesyal ki vize deloje bandi nan komin nan.

Operasyon sa te fèt nan lokalite mòn Oje, tou prè vil la. Pami 3 endividi Lapolis arete yo genyen Jean Pierre Anthony alyas Palaki ki blese ak yon bal nan pye. Li se 2zyèm chèf gang "Team H", kap opere nan mòn Oje, selon Lapolis.

news-details

Fòs lòd yo tap chache Jean Pierre Anthony alyas Palaki pou enplikasyon li nan boule kay, touye moun, vyòl ak asosyasyon malfektè.

Pou kounya prezime bandi sa yo dèyè kat miray annatandan yo transfere yo devan yon jij pou trete dosye yo.

Le Placentin

Partagez cet article



Supporter Le Placentin
author

Jean Rony Poito PETIT FRERE

Journaliste

Journaliste-rédacteur & professeur de sciences sociales. Passionné de la rédaction.

Laissez un commentaire


0 Commentaire