Le Placentin
<
Flash
news-details
Société

Lapolis simaye gaz lakrimojèn sou Ansyen Premye Minis Claude Joseph depi anvanl rive douvan laprimati

Aprè ansyen senatè Moïse Jean- Charles, se pou ansyen Premye Minis Claude Joseph bagay yo pat kòdyòm ditou anba men lapolis jounen lendi 05 fevriye 2024 la. Depi sou wout boudon, lapolis al kontre Ansyen Premye Minis la ak tout patizanl yo, pandan yo tap vin òganize yon Sit-In douvan lokal Primati a nan lide pou denonse konpòtman sinis Premye Minis defakto Ariel Henry epi ak mande depal nan tèt peyi a.

Lapolis simaye gaz devan, dèyè, lidè Pati Politik EDE a di pa gen kanpe fòk yo rive douvan pòt kay Ariel. << Sit-In lan transfòme an manifestasyon. Kapote! fòk nou kapote Ariel Henry nan Tèt gouvènman an 07 fevriye pa gen wout pa bwa>> pawòl Ex 1er Minis, Claude Joseph

news-details

Militan pati EDE yo di, Lapolis la mèt sote ponpe yo pap fè bak, paske daprè Ansyen Premye Minis Claude, Bilan Dòk Ariel se: plis pase 5000 mò, zak sasinay, lnstrimantalizasyon lajistis, vyòl, vòl, kidnapping ak lòt zak briganday li pat site.

Koze yo pa piti nan Larepiblik, lapolis ap simaye Gaz devan, deyè, sou militan, tire bal reyèl nan mitan yo pandan yap manifeste pou egzije pi bon kondisyon lavi, tikal Sekirite epi kapote Premye minis defacto an, Ariel Henry nan tèt gouvènman an ki pa janm leve yon ti dwèt li pou kwense bandi yo ki pa sispann fè zak malonèt sou popilasyon an .

Le Placentin

Partagez cet article



Supporter Le Placentin
author

Daphney AIMÉ

Journaliste

Journaliste/Reporter , Assistante Administrative expérimentée; dynamique, responsable et laborieuse.

Laissez un commentaire


0 Commentaire