Le Placentin
<
Flash
news-details
Société

Bandi boule yon lòt blende pou PNH la nan Gantye

Bandi kap feraye nan komin Gantye mete dife nan yon blende pou Lapolis la.

Manm gang 400 Mawozo yo fè aksyon sa jodi dimanch 4 dawout 2024 la aprè yo te fini anvayi Dwàn nan, selon yon sous nou kapab fè Konfyans.

news-details

Pou kounya okenn enfòmasyon poko disponib sou Polisye ki te nan blennde sila. Èske yo mouri ? Èske yo blese ? Èske yo sove? Li rete pou n swiv evolisyon enfòmasyon yo sou jounal la.

Nap raple ke, chimè yo te deja Kraze komisarya Komin nan epi soude yon pon ki relye Gantye avèk Fonparizyen ki sou anpil menas chèf gang Lanmò San Jou.

Le Placentin

Partagez cet article



Supporter Le Placentin
author

Jean Rony Poito PETIT FRERE

Journaliste

Journaliste-rédacteur & professeur de sciences sociales. Passionné de la rédaction.

Laissez un commentaire


0 Commentaire