Le Placentin
<
news-details
Société

Rezidan Boudon yo konnen yon jedi aprè midi trè malouk

Se te yon moman trè malouk pou moun Boudon, aprèmidi jedi 4 avril 2024 la, kote gwo kout zam tap chante sou wout la, pa lwen rezidans ofisyèl ak biwo Premye Minis la nan Miso, depi bò 7tè nan aprèmidi.

Rezidan lokal yo fè konnen ke se operasyon lapolis pou anpeche enstalasyon yon lidè gang nan Ravin Boudon an ki ta lakoz. Sanble ta gen 3 jèn gason ki mouri, daprè sa yo rakonte.

news-details

Nap fè w sonje ke yo te dekouvri yon kadav gason kouche nan san li sou Boudon maten an. Plizyè sous fè konnen ke viktim nan se te yon aktivis politik yo te rele Harold Jean. Sikonstans ki antoure lanmò sila poko janm klarifye.

Le Placentin

Partagez cet article



Supporter Le Placentin
author

Yvena ISIDOR

Journaliste

Journaliste, à la fois présentatrice de radio et rédactrice depuis 2021, Professeure de mathématiques avec une formation en génie civil, militante dans le monde culturel comme animatrice de club d'art et de spectacle.

Laissez un commentaire


2 Commentaires