Le Placentin
<
Flash
news-details
Société

Yon pwisan chèf gang jwenn lanmò l anba bwa kale

Agony Altenor alyas "Salami", ki te sove anba men lapolis semèn pase a, jwenn lanmò l nan men kèk manm nan popilasyon Beladè a, Jodi lendi 4 Mas 2024 la.

Endividi sila se chèf gang ki tap opere nan katriyèm seksyon kominal Gran Fon nan komin Senmak. Selon kèk sitwayen nan zòn nan, wòl malveyan sa se te bloke wout nasyonal la pou ranmase lajan nan men Chofè ak pasaje kap sikile sou wout lan.

news-details

Pandan moun yo nan popilasyon an fin met men sou misye, li depale epi fè konprann se yon bon moun li ye; li ta fè pati de yon sèten kowalisyon kap defann pèp Granfon nan Senmak kont atak bandi Savyen yo.

San pale anpil, yo pase l anba bwa kale epi trennenl dèyè yon moto pou tout moun wèl nan vil Senmak.

Le Placentin

Partagez cet article



Supporter Le Placentin
author

Daphney AIMÉ

Journaliste

Journaliste/Reporter , Assistante Administrative expérimentée; dynamique, responsable et laborieuse.

Laissez un commentaire


0 Commentaire