Le Placentin
<
Flash
news-details
Société

Plis pase 20 prizonye sove nan Komisarya Dèlma 33

Zak evazyon yo ap kontinye. Anviwon 21 prizonye sove kite Komisarya Dèlma 33 a nan lannwit dimanch 3 pou rive lendi 4 mas 2024 la.

Se Defansè Dwa Moun yo (ORDEDH) ki konfime enfòmasyon an. Plizyè dizèn detni sa yo ki chape pou l yo a pral ogmante plizyè milye lòt ki te deja sove ant Penitansye Nasyonal avèk prizon sivil Kwadèboukè a.

news-details

Detni sa yo te rive sove nan yon fenèt nan sant detansyon an sou Dèlma a.

Daprè Defansè Dwa Moun yo, zak sa montre aklè pasivite otorite yo ki vle jistifye antre fòs etranje nan peyi a.

Le Placentin

Partagez cet article



Supporter Le Placentin
author

Jean Rony Poito PETIT FRERE

Journaliste

Journaliste-rédacteur & professeur de sciences sociales. Passionné de la rédaction.

Laissez un commentaire


0 Commentaire