Le Placentin
<
Flash
news-details
Société

Gwo tansyon nan zòn Ayewopò Entènasyonal Tousen Louvèti an

Premye Minis Ariel Henry ta dwe rantre nan peyi a an mitan jounen Lendi 4 Mas 2024 la, bò 1h 25PM, aprè vwayaj li nan peyi Kenya pou negosyasyon ak siyen akò sou Fòs milti nasyonal la.

Nouvèl sa trennen yon sitiyasyon panik nan zòn Aryopò Tousen Louvèti a, kote kèk endividi te swete al kontre ak PM Ariel avan l rive lakay li. Anpil kout bal tap tire, gwo tansyon, anpil moun ap kouri; twoub sila mete anba kabann moun ki rete 3 Men, Mayi Gate, Jeral Batay ak lòt katye ankò ki antoure ayopò a.

news-details

Pèsonn paka pile devan lokal Aryopò a paske sekirel ranfòse ak prezans Lame Dayiti ak Polis Administratif yo ki okipe espas la, menm jounalis pa gen aksè.

Pou chèf Gouvènman ta antre nan Peyi a, li ta dwe pase nan Aryopò Entènasyonal Tousen Louvèti a osinon nan Aryopò Okap la jan sa tap klewonnen ayè dimanch 3 Más la, . Eske li deja rive? Kibò li pase? se pami kalite kesyon sa yo popilasyon an ap poze pandan poko gen okenn enfòmasyon disponib sou koze sila.

Le Placentin

Partagez cet article



Supporter Le Placentin
author

Daphney AIMÉ

Journaliste

Journaliste/Reporter , Assistante Administrative expérimentée; dynamique, responsable et laborieuse.

Laissez un commentaire


0 Commentaire