Le Placentin
<
Flash
news-details
Société

🚨 Alèt pou sila yo ki ta gen pou janbe wout maryani an demen lendi 4 desanm nan

Bandi nan peyi dAyiti pa sispann fè lapli ak bon tan, popilasyon an kontinye ap viktim kont zak kriminèl yo chakjou pi plis, chak zòn genyen yon jeneral nan tèt li ki ap dirijel , se ka pou Mariani depi kèk jou la ki sou kontwòl bandi, yon sèten de Boutba ki ap dirije l. Zòn sila mande anpil prekosyon ak moun ki ta gen pase ladann demen lendi 4 desanm nan.

Daprè kèk sous nan zòn nan ke nou ka fè konfyans, fè nou konnen ke mesye bandi yo fouye tou nan wout la pou mete pyèj, sitwayen yo di nou malgre lapolis te sezi kèk materyèl nan men yo dènyeman pou yo pat fouye tou, sa pa anpeche yo rive fouye tou kanmenm pou mete pyej nan wout la.

news-details

Donk li nesesè pou moun ki ta genyen pou frekante wout sid la demen lendi 4 desanm nan ta fè anpil prekosyon, paske si tout fwa mesye yo ta mete pyèj nan wout la, li ap fatal pou popilasyon an ki lage de bra pandye ak kèk polisye tou ki vilnerab.

Redaksyon Jounal la ap kontinye chache plis detay toujou sou dosye sila pou kontinye enfòme lektè li yo .

Le Placentin

Partagez cet article



Supporter Le Placentin
author

Le Placentin

Journaliste

Le Placentin.

Laissez un commentaire


0 Commentaire