Le Placentin
<
Flash
news-details
Société

Yon lòt avyon lame amerikèn debake nan èpòt Entènasyonal Toussaint Louverture

Yon katriyèm avyon lame amerikèn debake nan èpòt Entènasyonal Toussaint Louverture jodi vandredi 3 me 2024 la, daprè Le Nouvelliste.

Pou kounya okenn enfòmasyon poko rann piblik sou misyon avyon sa ki debake nan yon kontèks kote anpil moun swete konpayi yo reprann vòl yo sou Pòtoprens.

news-details

Depi nan kòmansman mwa mas pase a, tout vòl yo te kanpe nan Ayewopò Entènasyonal Toussaint Louverture akoz nèg ak zam ki te tire sou èpòt la kote plizyè avyon te menm rive pran bal.

Yon sitiyasyon ki te retabli gras ak jefò PNH la ansanm avèk Sòlda Lame d'ayiti yo.

Nap raple ke plizyè konpayi prevwa reprann vòl yo nan mwa me sa men pou kounya tout moun kap vwayaje se Okap yo pase, yon trajè ki riske anpil.

Le Placentin

Partagez cet article



Supporter Le Placentin
author

Jean Rony Poito PETIT FRERE

Journaliste

Journaliste-rédacteur & professeur de sciences sociales. Passionné de la rédaction.

Laissez un commentaire


0 Commentaire