Le Placentin
<
Flash
news-details
Société

Lapolis touye chèf gang Site doudoun nan

Chèf gang Cité Doudoune nan pa la ankò. Nan Kad yon operasyon, Lapolis mete dòmi nan je malfra sa.

Ajan PNH yo fè kou sa ayè madi 2 avril 2024 la zòn Pont Taba. Chèf gang sa pèdi lavi l nan echanj kout zam avèk divès inite nan PNH la ki tap opere nan zòn nan.

news-details

Non vanyan misye se "Nouyòk".

Enfòmasyon sa se Jounalis Radyo Karayib Guerrier Dieuseul ki bay li nan jounal Premye Okazyon. Li rapòte nouvèl la daprè sa sous li nan PNH la fèl konnen.

Depi kèk jou, divès kote nan komin Taba se gwo kout zam kap chante sèlman. Bandi ak zam vle pran baz BIM nan, Komisarya Taba a ak kèk lòt kote. Men gras ak jefò fòs lòd yo, rèv bandi sa yo lwen pou reyalize.

Le Placentin

Partagez cet article



Supporter Le Placentin
author

Jean Rony Poito PETIT FRERE

Journaliste

Journaliste-rédacteur & professeur de sciences sociales. Passionné de la rédaction.

Laissez un commentaire


0 Commentaire