Le Placentin
<
Flash
news-details
Société

2 lòt prezime bandi tonbe anba bal, pami yo yon evade

2 prezime bandi mouri anba bal Lapolis, jodi Madi 2 Avril 2024 la nan zòn Pèleren 6 nan komin Petyonvil.

2 individi sa yo jwenn lanmò yo nan kad yn operasyon Lapolis tap mennen. Pandan entèvansyon sila, fòs lòd yo sezi yon zam, kalib 9mm nan men individi yo.

news-details

Selon enfòmasyon yo, youn nan 2 prezime bandi yo, se yon evade prizon ki te sove nan penitansye Nasyonal pandan nèg ak zam te atake prizon 2 Mas ki sot pase a.

Polis Nasyonal la di li pap fè bak douvan atak bandi nan Kapital la. Menm si, sitiyasyon peyi an malouk ,yo ap kontinye kanpe an kwa sou chimen gang yo ki pa sispann simen latwoublay nan mitan popilasyon an.

Le Placentin

Partagez cet article



Supporter Le Placentin
author

Daphney AIMÉ

Journaliste

Journaliste/Reporter , Assistante Administrative expérimentée; dynamique, responsable et laborieuse.

Laissez un commentaire


1 Commentaire