Le Placentin
<
Flash
news-details
Société

Plis pase 3900 prizonye sove nan Penitansye Nasyonal

Plis pase 3900 prizonye sove kite Penitansye Nasyonal nan lannwit samdi 2 mas 2024.

Selon enfòmasyon nou dispoze, avan nèg ak zam yo te atake prizon an te genyen anviwon 4000 detni ki te fèmen anndan pi gwo sant kaseral peyi a. Bandi yo debake, yo kraze, yo brize epi ale avèk akolit yo kite anndan an.

news-details

Nan moman atik sa ap ekri la jodi dimanch 3 mas 2024 la, genyen sèlman 99 prizonye ki rete nan Penitansye.

Daprè enfòmasyon ki disponib, majorite gwo bandi kiminèl sove e yo retounen dirèkteman nan baz yo. Kolonbyen ki akize nan lanmò Jovenel Moïse yo pa sove.

Jiska prezan tout otorite fè silans sou dosye sa. Se kòmsi pat gen anyen ki te rive.

Pi lwen , anpil moun ap poze Tèt yo kesyon , yap mande Èske se prizon ki kraze oswa se pòt prizon an yo ouvri pou bandi yo soti, paske okenn tras kraze pa parèt nan mi yo, pòt yo senpleman rete ouvri. Antouka.

Yon lòt bò, selon sa ajans Clin d'œil Infos fè konnen, bandi ak zam te atake prizon Kwadèboukè a tou nan menm nwit sa e anpil bandi rive lage pye yo.

Le Placentin

Partagez cet article



Supporter Le Placentin
author

Jean Rony Poito PETIT FRERE

Journaliste

Journaliste-rédacteur & professeur de sciences sociales. Passionné de la rédaction.

Laissez un commentaire


0 Commentaire