Le Placentin
<
Flash
news-details
Justice

ELEKSYON 2026 : DCPJ mande kandida yo vin rekipere sètifika polis yo

Taba, 1e septanm 2026 – Direksyon Santral Polis Jidisyè (DCPJ) anonse li pare pou remèt sètifika polis yo bay tout kandida ki te fè demann nan kad pwosesis enskripsyon pou pwochèn eleksyon yo.

Nan yon kominike pou laprès ki pibliye madi a pa Direksyon Kominikasyon Polis la (DIKOP), DCPJ envite tout kandida konsène yo pou yo pase rekipere dokiman yo.

news-details

Kandida yo ka prezante swa: - Nan lokal DCPJ a, ki twouve li nan Klèsin 8, komin Taba,

- Oswa nan Sèvis Depatmantal Polis Jidisyè (SDPJ) ki nan diferan depatman yo.

DCPJ presize, retrè sètifika yo ap fèt selon pwosedi ki deja etabli yo.

Dapre kominike a, demach sa a gen pou objektif fasilite kandida yo finalize dosye yo nan kad dewoulman pwosesis elektoral la.

PNH la fini kominike a ak eslogan li: “PNH LA POU OU! PNH LA PI PRE OU!”

Le Placentin

Partagez cet article



Supporter Le Placentin
author

Le Placentin

Journaliste

Le Placentin.

Laissez un commentaire


0 Commentaire