Le Placentin
<
Flash
news-details
Économie

Bòn nouvèl Lapolis debloke "Terminal Varreux"

Plizyè inite nan PNH la debloke wout ki mennen nan "Terminal Varreux", kote ki stoke 70% gaz peyi a.

Aprè plis pase 10 jou depi bandi te bloke wout ki mennen nan "Terminal Varreux" a, La Polis fè yon entèvansyon ayè mèkredi premye me 2024 la epi bay aksè avèk espas la.

news-details

"Veyikil blende lapolis yo devan tèminal la. Yo ouvri pasaj la epi yo ta dwe kenbe pozisyon an,” se sa Le Nouvelliste fè konnen daprè sous li.

Kamyon yo ta dwe rekòmanse chaje jodi jedi 2 me 2024 la.

"Bato Mt Sea Lavie ki pote 200,000 barik pwodwi pou konpayi Bandari a dwe debake ak livrezon kago li demen alantou 10zè a.m.," te di yon sous ki toupre endistri sa a.

Omwen de lòt sous Le Nouvelliste te fè entèvyou ak yo fè konnen aparamman pa t gen okenn eklatman ant lapolis ak bandi yo sou wout ki mennen nan tèminal la. Bandi yo ap viv tou nan vòlè gazolin yo revann sou mache nwa a, se sa yon lòt sous te di. Wout Pis se wout ki pi danje pou transpòtè yo

Le Placentin

Partagez cet article



Supporter Le Placentin
author

Jean Rony Poito PETIT FRERE

Journaliste

Journaliste-rédacteur & professeur de sciences sociales. Passionné de la rédaction.

Laissez un commentaire


0 Commentaire