Nèg ak zam ap atake bibliyotèk Nasyonal maten madi 2 avril 2024 la ankò.
Atak sa yo kòmanse depi ayè lendi a, lè bandi yo te antre nan lekòl Kolèj Saint Martial pou boule plizyè machinn, boule sal enfòmatik ak bibliyotèk lekòl sa.
Nan jounal Premye Okazyon (Radio Caraïbes), yon SOS lanse pou bibliyotèk Nasyonal kote nou aprann bandi yo deja ap atakel epi tante mete dife. "Mezanmi responsab yo di bandi yo bibliyotèk la pa gen lajan ladanl bal yon chans", se sa jounalis Johnny Ferdinand deklare.
Atak yo pa janm sispann miltipliye kont plizyè enstitisyon etatik ak prive, malgre jefò Polis Nasyonal la.
0 Commentaire