Le Placentin
<
Flash
news-details
Société

Alèt: Yon vandredi ak anpil mouvman nan vil pòtoprens ak antouraj li yo, me kèk rezon ki koz tansyon sila, atansyon

Jodi vandredi premye sektanm sa, se yonn nan jou ki genyen plis mouvman nan vil Pòtoprens ak vwazen li yo, kèk moun kap kite zòn kote yo rete, kèk moun kap kite travay yo bonè, ak kèk lòt tou ki kouri al achte bonè kèk ti bagay pou mete lakay yo, tout sa te pouse redaksyon jounal la fouye plis pou chache rezon tout moute desann sa yo nan vil Pòtoprens ak anviwon li yo.

Menmjan ak anpil sal nouvèl, nou te resevwa anpil alèt depi kèk semèn ke bagay yo kapab ontijan chavire nan jou ki ap vini la yo pi plis nan vil Pòtoprens ak lòt zòn ki nan vwazinaj li yo, kote ke anpil sous te fè nou konnen ke nèg ak zam yo ta deside antann yo pou fè yon pote boure sou enstitisyon yo nan peyi a, ak kèk lòt kote ki enterese yo pi plis toujou nan enterè yo tankou kase prizon elatriye.

news-details

Donk avèk api kèk lidè opinyon nan media tradisyonèl yo tankou Emisyon Boukante Lapawòl ke Guerrier Henry anime sou radyo Mega ak api rezo sosyal yo, sa koz enfòmasyon an difize rapid, ki vin mete anpil moun ki ap viv nan Pòtoprens yo sou men yo, chak moun ap eseye jere tèt yo pou yo pa viktim ak pwòch yo si ta gen yon atak konsa vre, donk ( Atansyon pa kapon), nan sans sa jodi vandredi Premye sektanm nan sa koz anpil anpil mouvman nan lari Pòtoprens , moun ki ap kite travay yo bonè, moun ap achte nan makèt pou mete lakay yo, ak lòt moun ki ap chache vil pwovens pou al refijye yo pou si 4 la ta mare 14 nan kapital peyi a.

Sa ki etonan malgre genyen tout alèt sa yo, gouvèlman pa di ni pip ni tabak, ministè enteryè ki genyen lajan ransèyman nan men li pa moutre ke li okouran de anyen, okenn mezi sekiritè adisyonèl pa moutre sa. tout vye konpòtman sa yo koz kèk kouch moun nan sosyete a pa ezite poze tèt yo anpil kesyon tankou: Èske peyi a gen moun nan leta? Èske leta nan konfyolo ak bandi yo vre? Poukisa menmsi leta taka epanye yo de yon ensidan li pa janm fè sa? Kote ministè lajistis ak sekirite piblik? Kote ministè enteryè ? Poukisa tout silans sa bò kote swadizan otorite yo, ak anpil lòt kesyon ankò.

Pou fini, nap mande pou chak grenn moun nan zòn metwopolitèn nan ak antouraj li yo ta fè plis prekosyon posib nan jou yo la, evite plis pase mande padon, evite soti ta, evite zòn ki pa zòn paw , evite soti san bezwen , nan sans sa nap kapab pwoteje tèt nou si mesye ak zam yo ta deside pote boure vre jan anpil alèt ap fè konnen sa.

Le Placentin

Partagez cet article



Supporter Le Placentin
author

Le Placentin

Journaliste

Le Placentin.

Laissez un commentaire


0 Commentaire