Le Placentin
<
Flash
news-details
Société

Yo jwenn 4 moun mouri nan yon kay nan Petyon vil

Moun nan komin Petyon vil dekouvri, jodi lendi premye avril 2024 la, 4 moun ki mouri nan kay ki abandone.

Moun sa yo mouri e sikonstans lanmò yo poko klè. Abitan yo jwenn kadav yo nan yon kay ki sitiye l nan ang ri Métellus avèk ri Villate.

news-details

Pou kounya, okenn moun poko gen kras enfòmasyon sou idantite moun sa yo.

Enfòmasyon sa deja rapòte avèk jounalis Yves Manuel sou kont Twitè li epi ajans Radiographie.

Nap raple w, nan lannwit dimanch 31 mars 2024 la, te genyen gwo alèt sou kominn Pétion-Ville, kòm kwa bandi yo tap vini kraze brize.

Le Placentin

Partagez cet article



Supporter Le Placentin
author

Jean Rony Poito PETIT FRERE

Journaliste

Journaliste-rédacteur & professeur de sciences sociales. Passionné de la rédaction.

Laissez un commentaire


0 Commentaire