Le Placentin
<
Flash
news-details
Société

Plizyè zòn nan kapital la anba gwo kout bal, yon sitwayen pran yon bal nan tèt sou Dèlma a

Kout bal ap chante nan divès zòn nan rejyon Metwopolitèn nan jodi lendi premye avril 2024 la. Yon sitwayen ki gen 46 lane resevwa yon bal nan tèt nan Dèlma 30.

Se gwo tire sou Chann Mas, anba lavil, Kafou aryopò, Dèlma 19, Dèlma 30 ak kèk kote nan Klèsin. Enfòmasyon yo fè konnen se Lapolis ki nan afwontman avèk bandi ki pa janm sispann simen laterè. Nan Kad afwontman sa yo, Fritz Emil pèdi lavi l nan Dèlma 30 aprè li fini resevwa yon bal nan tèt.

news-details

Selon enfòmasyon nou genyen, viktim nan se moun Kavayon, depatman Sid peyi a. Li fèt 30 novanm 1976.

Sitwayen yo pa janm sispann viktim anba kout bal nan lari Pòtoprens; pandan aktè politik yo kontante yo nan batay pou Pouvwa san di yon mo pou konpatriyòt yo bandi ap touye chak jou.

Nan raplew, selon yon rapò ONU piblye jedi 28 mas 2024 la, plis pase 1550 moun pèdi lavi yo an Ayiti pandan 3 premye mwa nan ane 2024 la.

Le Placentin

Partagez cet article



Supporter Le Placentin
author

Jean Rony Poito PETIT FRERE

Journaliste

Journaliste-rédacteur & professeur de sciences sociales. Passionné de la rédaction.

Laissez un commentaire


1 Commentaire