Le Placentin
<
Flash
news-details
Société

Flash: YouTuber ameriken Addison Pierre Maalouf ke Bandi 400 mawozo yo te kidnape a jwenn arestasyonl nan vil okap

"YouTube Influencer" Ameriken dorijin Libanè Addison Pierre Maalouf ke yo konnen sou non "Arab" ke bandi 400 mawozo yo te kidnape semen pase a jwenn arestasyon li jodia nan vil Okap, jodi lendi premye avril la, malgre Anbasad Etazini nan Pòtoprens, te mete Youtuber a nan yon elikoptè ki te transpòte l Okap pou l te ka pran avyon pou retounen Ozetazini. Selon sa jounal VOA kreyol rapote.

Dapre VOA Kreyòl, misye te lwe yon machin nan nò peyi a pou sikile pandan sejou li ann Ayiti, apre liberasyon li, machin li te lwe a te prann pàn nan yon katye nan "Petyon-vil", li te kite machin nan Pòtoprens san li pat avèti mezon lokasyon an ke li pat an mezi pou remèt machin nan. Nan moman Maalouf tap pare pou l kite Ayiti, mezon lokasyon an te vin okouran epi pousuiv li.

news-details

Lapolis te vin okouran de sityasyon an epi Komisè Lapolis Okap la te pase a l aksyon pou pwoteje lavi sitwayen Ameriken an, komisè a deside mete l nan gadavi pou pwoteksyon l.

Toujou dapre menm jounal la, mezon lokasyon an egzije pou l swa remèt machin nan swa peye $4,000 dedomajman. YouTuber a mande paran li voye lajan pou l peye frè yo.

Nap raplew ke Bandi 400 Mawozo te kidnape misye nan moman li te nan wout pou al entèvyouwe Jimmy Cherizier alyas Barbecue - chèf regwoupman gang "Viv Ansanm" nan. Epi libere Maalouf ansanm ak fiksè li a, jounalis Ayisyen Jean Sacra Sean Roubens Vandredi 29 mas 2024 la, apre 17 jou nan men ravisè yo.

Maalouf di VOA li te peye $50,000 pou jwenn liberasyon li.

Le Placentin

Partagez cet article



Supporter Le Placentin
author

Le Placentin

Journaliste

Le Placentin.

Laissez un commentaire


1 Commentaire