Le Placentin
<
Flash
news-details
Société

Flash: 4 bandi pran bwa kale nan Petyon-vil, plizyè zam ak katouch sezi

4 bandi ak zam jwenn lanmò yo nan Meyòt komin Petyon vil, jodi lendi premye avril 2024 la.

Bandi yo jwenn lanmò yo nan moman te gen gwo deblozay nan divès zòn nan komin Petyon vil. Yo jwenn amnisti yo pandan yo te nan gwo afwontman avèk plizyè inite nan Polis Nasyonal.

news-details

Fòs lòd yo sezi plizyè zam avèk plizyè dizèn Katouch nan kad operasyon sa ki te fèt avec èd yon brigad nan zòn nan ki se Meyòt 37.

Depi nan lannwit dimanch 31 mas 2024 la, te genyen gwo rimè ki te fè kwè bandi pral debake nan komin Petyon vil pou simen latwoublay.

Pandan jounen sa Chann Mas avèk anba lavi l la te gen gwo afwontman ant Lapolis avèk bandi. Malfra yo menm rive boule yon machinn blende pou Lapolis.

Le Placentin

Partagez cet article



Supporter Le Placentin
author

Jean Rony Poito PETIT FRERE

Journaliste

Journaliste-rédacteur & professeur de sciences sociales. Passionné de la rédaction.

Laissez un commentaire


0 Commentaire