Le Placentin
<
Flash
news-details
Société

Flash: Bandi ak gwo zam boule yon blende pou Lapolis

Nèg ak zam nan Pòtoprens mete dife nan yon machinn blende pou Lapolis. Selon enfòmasyon nou genyen, plizyè polisye ta sanble sòti blese nan moman atak sa.

Aksyon sa pase jodi lendi premye avril 2024 la nan ri Monseyè Giyou, tou prè Lopital Jeneral. Se nan moman plizyè dizèn nèg ak zam tap simen latwoublay nan nan zòn nan, blende sa ki te pami plizyè lòt ki te deplwaye paka demare. Polisye yo oblije desann epi yon lòt blende vini pote ranfò ba yo.

news-details

Enfòmasyon yo fè konnen gen Polisye ki sòti blese. Nan minit kap vini yo nap pote plis enfòmasyon pou ou sou idantite yo avèk pwomosyon yo.

Se depi 11zè nan maten nèg ak kòmanse tire divès kote nan kapital la, sa ki tap pral lakoz yon sitwayen ki se Fritz Emil pran yon bal nan nan tèt Dèlma 30.

Le Placentin

Partagez cet article



Supporter Le Placentin
author

Jean Rony Poito PETIT FRERE

Journaliste

Journaliste-rédacteur & professeur de sciences sociales. Passionné de la rédaction.

Laissez un commentaire


0 Commentaire