Le Placentin
<
Flash
news-details
Santé

Aprè yon nwit sou kabann lopital, Premye minis Garry Conille pale ak popilasyon an

Aprè li finn pase yon nwit lopital, Premye minis Garry Conille pale avèk popilasyon an Jodi dimanch 9 jwen 2024 la.

"Pou kounya tout bagay anfòm", se sa l di nan yon videyo ki dire 4 minit 20 segond.

news-details

Nouvo Premye minis la anonse li lakay li avèk fanmi l, zanmi l, pandan lap kontinye travay pou peyi a kapab genyen yon nouvo gouvènman.

Doktè Garry Conille te gen yon pwoblèm respiratwa nan lannwit samdi 8 jwen an, yo te kouri nan yon lopital nan Petyon vil avèl.

M. Conille pwofite eksprime enkyetid li pou eta deplorab Lopital yo espesyalman pi gwo sant ospitalye peyi a tonbe.

Li fè konnen tout semèn sa kap vini la peyi a pral gen yon gouvènman. "Map di nou kouraj limyè a pa lwen", se sam ajoute

Le Placentin

Partagez cet article



Supporter Le Placentin
author

Jean Rony Poito PETIT FRERE

Journaliste

Journaliste-rédacteur & professeur de sciences sociales. Passionné de la rédaction.

Laissez un commentaire


0 Commentaire