Le Placentin
<
Flash
news-details
Société

Fiziyad : Plizyè dizèn moun blese nan yon bis anndan Matisan

Yon fiziyad fèt jodi madi 7 me 2024 la anndan Matisan. Plizyè dizèn moun pran bal.

Nan yon videyo kap sikile sou rezo sosyal yo, nou kapab konstate yon bis ki genyen moun ki blese ak bal. Aksyon sa rive nan kad yon fiziyad ki fèt sou yon bis ki asire trajè Kafou ak Sant Vil Pòtoprens.

news-details

Daprè sa radyo Galaxie fè konnen, kantite moun ki viktim yo pou kounya enkoni. Selon Sendikalis Méhu Changeux, se yon Blende PNH la ki ta sanble tire sou bis sa.

Yon lòt bò enfòmasyon yo fè kwè tou chofè bis sa tap fè wout anndan pou pa peye bandi ki nan pòs peyaj yo ki koz bandi yo ta tire sou li.

Dram sa ki rive a genyen anpil pwen flou, men sa ki dwe atire atansyon nou plizyè konpatriyòt blese e li posib pou genyen divès lòt ki pèdi lavi yo tou.

Le Placentin

Partagez cet article



Supporter Le Placentin
author

Jean Rony Poito PETIT FRERE

Journaliste

Journaliste-rédacteur & professeur de sciences sociales. Passionné de la rédaction.

Laissez un commentaire


0 Commentaire