Le Placentin
<
Flash
news-details
Société

Daprè mèt André Michel, alyans pati politik pou manifeste kont Ariel Henry nan tèt peyi a se alyans dilè dwòg , gang ak politisyen magouyè

Nan yon nòt Vokal, an sikilasyon jodi samdi 3 fevriye a, mèt André Michel ansyen “avoka pèp la” fè konnen ke alyans ant pati politik pou matifeste pou mande depa Ariel Henry nan tèt peyi a, se yon alyans ki genyen dilè dwòg, chèf gang , politisyen magouyè elatriye.

Mèt André Michel ale pi lwen pou fè konnen ke 7 fevriye ap yon jou menm jan ak tout lòt jou e envite tout pati ak pèsonalite politik yo pou sispann ak plan yo genyen pou kraze peyi a.

news-details

Toujou nan menm nòt sila, pòt pawòl SDP a fè konnen ke peyi a pap ka fè wonn pòt san dyalòg ant aktè yo ak sosyete sivil la.

Li te kontinye pou l di ke alyans plizyè estrikti politik ki opoze a pouvwa a pap pot benefis pou peyi a men pito kraze brize a ki ap ogmante. Yon sitiyasyon ki, daprè ansyen opozan farouch Jovenel Moïse la, pap bon pou sila ki pi mal yo.

Se yon nòt vokal ki leve anpil deba nan sosyete a, anpil moun ap kesyone Èske André Michel bien plase pou lap kritike moun ki ap manifeste kont yon pouvwa ki pa prèske itil peyi a anyen, sitou lè anpil sitwayen nan peyi a raple yo Kijan avoka pèp la te konn opilan nan dènye moman manda ansyen Prezidan Jovenel Moïse la.

Le Placentin

Partagez cet article



Supporter Le Placentin
author

Yvena ISIDOR

Journaliste

Journaliste, à la fois présentatrice de radio et rédactrice depuis 2021, Professeure de mathématiques avec une formation en génie civil, militante dans le monde culturel comme animatrice de club d'art et de spectacle.

Laissez un commentaire


0 Commentaire