Le Placentin
<
Flash
news-details
Justice

Jerry ak Jackson kidnape epi vyole yon jèn demwazèl 19 lanne, Lapolis arete yo

La Polis fouke 2 prezime Kidnapè nan yon operasyon Ayè mèkredi 8 me 2024 la, nan vil Gonayiv.

Jerry Carra avèk Destin Jackson jwenn arestasyon yo pou prezime enplikasyon yo nan yon kidnapin sou yon jèn demwazèl 19 lanne.

news-details

2 endividi sa yo avwe bay Lapolis yo fè zak la vre. Yo te mande 200 mil dola ameriken ak yon lòt sòm lajan an goud pou libere otaj la. Fanmi an te deja ba yo 50 mil dola ameriken, selon enfòmasyon redaksyon jounal la dispoze.

Malfra sa yo menm avwe yo vyole jèn demwazèl la.

Anketè Lapolis yo kontinye ap entèwojè endividi sa yo pou yo kapab jwenn plis detay, pandan yo plase yo dèyè kat miray.

Le Placentin

Partagez cet article



Supporter Le Placentin
author

Jean Rony Poito PETIT FRERE

Journaliste

Journaliste-rédacteur & professeur de sciences sociales. Passionné de la rédaction.

Laissez un commentaire


0 Commentaire